Chimen Libète

Chimen Libète

M sonje janm pat anyen, janm te tankou tchoul kay wa
M pa bliye jan yo tap maltretem men mwen te san vwa
M patka pale, se te kriye, jemi, sibi paskem pat gen dwa
Men sou do yo m tap monte plan m, trase vèvè, rele lwa

Se tankoum pat egziste, sèl sam te posede se te karaktè
Pom rèd tèlman m aprann reziste fas a woulo konpresè
Moun parèy mwen ki bati richès yo sou soufrans mwen
Moun ki wèm lèd pandan m fè wè yo bèl ak kouraj mwen

Yo kanpe bò kotem, ak tèt yo bese yap fòse gadem ba
Men pisans mwen pi wo pasem, sou yo map taye banda
Siw wè m nwè se paske lòt koulè po patka sipòte botem
Yo eseye kokobe m men l te twò ta, tout latè pran kotem

Nan yon bat je yo te nan fènwa, koulè nwa m ta pral klere
Ay, yo pran kou! Yo te bliye bay kou bliye pote mak sonje
Ah! M mache sou yo, mache vanje mounite m yo te vyole
Yo estomake! men sa patka anpeche libète gaye tout kote


Ou twouve se yon bèl tèks? Klike sou ekriti ble anba a pouw al abone a paj facebook nou an pouw rete konekte ak nou⬇
Mèsi pou sipò w!

Commentaires

Enregistrer un commentaire

Laisser un commentaire