Ti soufri

 

Ti soufri


Depi lontan lamizè ap fè koze isi

Nan yon peyi grangou se sèl avni ki si

Bouch nou tou blanch nou lage ap chache lavi

Nou lèd nou la men pwatrinen ap fèn abi


Po vant nou ap kòde, kòd trip nou ap tchake

Rezilta tèt san kò k met kò san nanm dirije

Dòmi vant vid fèn manje dan lè nap reve

De grenn diri ki fèn pase rèv anba pye


Nan chache vitamin nou plede manje zong

Nou la ap zongle pay, nou mèg, nou kanpe wong

Figin blaze, nou ri chak lè vè satiyèt nou

Nou fin sèch sou pye, yo derefize ede nou


Vant nou ap fè gwo bri paskel gen gaz agogo

kèn brile'n chak lè gwo trip ak ti trip ap fè lago

Anvi manje toujou fè bouch nou kouri dlo

Lè nou resi pwon vye kabich nou awoyo


Lavichè ap toufe'n, se dlo nan je'n kap neye'n

Yo pile diyite'n menm fyète nou meprize'n

Nap chache lavi, nan tout rakwen vant nou gaye

Di nou kilè nap sispann fè jounen ap baye


ℹ️ Pwodiksyon

La Belle Littéraire

 Agencia 

Otè: Ben Johnson JUSTE 

©2023

Commentaires