Chanjman!

Chanjman!


Sa fè kèk tan m anvi di 2, 3 mo men m pa gen kouraj, tout sak emosyon anndanm vin kou raj.

M nève, m fache, lè poum pale m kriye tèlman kèm ap rache men sanm tounen dlo, jodi a map ekri pou ayisyen bouwo ki vle wè peyim peri, on seri demeplè ki di yap panse pou nou pandan se yo k mete plè pou nou panse. Se ak anpil tristès map ekri tèks sa a poum fè yon tès sou sak pran pretèks sa a.

Lavi isit tounen lanfè, chache lavi detwi lavi, lavi pa okouran ke nap viv men nap viv lanfè lavi nan fè laviwonn dede dèyè yon lavi k chè pandan lavi nou san valè. Sekirite nou a zewo, perèz la sèl ki rete, lanmò viv nan nou plis ke n viv tan nou, pèsonn pa vle mouye lè nap di nou bouke men pèp la san parapli lè bal ap tonbe tankou grenn lapli.

Sa fè lontan nap dòmi anba pawòl, men nou reve Ayiti, jodi a n vle reveye. Nou vle wè yon pèp nan lapè, nan kè kontan san l pa pè, yon pèp kap souri ak lavi san l pa pè viv akoz lavi di, nou vle wè chache lavi konstwi lavi, nou vle wè sa n pa abitye wè.

Nou vle wè...

Commentaires